Deklarasyon ELAPRE (Espas Lit ak Aksyon Revolisyonè)
ELAPRE (Espas Lit ak Aksyon Revolisyonè) ekri deklarasyon sa. ELAPRE se yon lòt òganizasyon popilè ki travay ak MOLEGHAF ki se manm kowalisyon Black Alliance for Peace. Yo montre ki kriz la ann Ayiti se fòt enperyalis ameriken an. ELAPRE eksplike kijan kriz aktyèl la ap lakòz yon gwo ensekirite nan mitan pèp Ayisyen an epi li ekspoze ipokrizi reklamasyon "revolisyon" gang k ap teyorize mas yo an reyalite. ELAPRE mande pou bò gòch revolisyonè a ini epi pran pouvwa nan men klas dirijan kriminèl la, mete l nan men mas yo. Nou sipòte vizyon sa a nèt ale ak lit la pou yon pèp Ayisyen ki gen otodetèminasyon ( Granmoun Tèt li ) e ki lib enperyalis yo - ki se pi wo etap kapitalis la. Nou salye kamarad Ayisyen nou yo pou angajman djougan yo pou konstwi yon sosyete lib ak demokratik.
Pa gen konpwomi, pa gen retrè, pa gen bak!
PA GEN REVOLISYON SAN KONSYANS REVOLISYONÈ
Gang ak abolotcho paka fè revolisyon mas yo.
Yon van dezespwa ap soufle san rete nan mond lan. Van panik sa se konsekans lamizè ak inegalite nan sosyete yo. Sa gen pou konsekans, lagè toupatou ki pran divès fòm selon reyalite peyi yo. Fas ak deplòtonnay fenomèn sa a, Ayiti pa epanye (sinon li se youn nan pi gwo viktim).
Ayiti plonje nan yon ensekirite sou tout fòm : lamizè, trafik ak mache zam, trafik ògàn ak dwóg, pa gen sikilasyon ; sa ki fè peyi a tonbe nan yon ensekirite total kapital. Pou anpil moun, Ayiti poko janm konnen yon sitiyasyon malouk konsa nan listwa.
Sitiyasyon kritik sa pa san konsekans sou sosyete a. Li fè popilasyon an gen lòt konpreyansyon lavi ; anpil sektè kle nan soysete a ( inivèsite, medya, òganizasyon ak pati politik, elt.) plonje nan dekourajman san parèy. Sektè sa yo pèdi vrè misyon yo te genyen pou akonpanye pèp la nan pataje yon ansanm valè emansipasyon. Sikilasyon bon jan koutim ak prensip sa yo ta ka penmèt yon konstriksyon lespwa nan dezespwa total sa. Absans travay avangadis yo bay teren lib pou nenpòt kalte kategori apwoche popilasyon an, epi, ba li move oryantasyon.
Dezangajman sa fè nenpòt ki moun, menm nan kan pi reyaksyonè nan peyi a, rive ap kleyonnen yon seri mo ki charye tout yon seri valè emansipatris ; men anpil fwa, pratik ak aktivite moun sa yo pa bobo ak valè sa yo. Nou ka pran kèk egzanp : yon chèf gang kriminèl ki di l ap fè sosyal osinon l ap batay pou pèp, gen lòt ki menm di yo nan pwosesis pou fè Revolisyon. Pratik sa yo kreye gwo konfizyon nan konjonkti a paske mo sa a pèdi sans li.
Nan konfizyon sa a, premye presizyon ELAPRE ka pote : Revolisyon pa konn fèt san Pèp alevwa pou l ta fèt nan simen latèrè nan mitan Pèp. Epitou, èske fenomèn sa pa gen pou objektif pèvèti ak dekredibilize mo politik sa a? èske pèvèsyon manman mo REVOLISYON an pa fè n fè bak nan pwosesis batay pou chanjman lavi mas yo? Mete sou sa, èske apwopriyasyon ak move adaptasyon konsèp sa pa fè yon pakèt moun kredib pè angaje yo nan batay pou chamjman sosyete a? Kijan konsèp sa ka reyapwopriye, rekanpe eskanp figi l pa rapò ak reyalite epi enterè mas yo ?
Pa rapò ak reyalite mas eksplwate nan tout mond lan, Ayiti an patikilye, nou pa gen pou n pase pil chimen pou nou di sa revolisyon ye. Nan tradisyon batay pou libere mas eksplwate yo, mo revolisyon an ta vle di kraze modèl sosyete miwo miba sa a pou tabli yon soyete nouvo ki chita sou egalite ak byennèt pou tout moun. Sa eksplike tou, se pa sistèm kapitalis la oubyen ajan li yo ki ka fè chanjman total sa; se yon inisyativ popilè, militant ak òganizasyonèl li dwe ye. Se lè sa nou ta ka di listwa ap dewoule sou chimen revolisyon.
Si nou ta fon kout pye nan listwa pase nou ka rive trase liy yon vrè revolisyon, ki se wout libète ak byennèt pou tout moun. Si mo revolisyon an pa tradwi reyalite sa nan itilizasyon y ap fè ak li yo, li lwen pou l ta nan enterè pèp Ayisyen. Ki objektif banalize yon manman mo tankou revolisyon an genyen?
Depi lontan klas k ap dirije a te toujou bay tèt li misyon pou demoralize moun k ap goumen epi banalize yon seri mo politik ki charye yon ansanm valè. klas sa gen pratik sa nan divès moman nan listwa : monte eksklav yo youn kont lòt pou afebli batay yo t ap mennen kont lesklavaj ; mete sou sa, pandan lokipasyon blan meriken, yo te kalifye kako de tout move mo pou kenbe fòs lokipasyon nan peyi a ; sou rejim diktati divalyeris la, yo te konn rele militan kominis yo kamoken pou te ka elimine yo epi anpeche yo kwape rejim bout di sa.
Jounen jodia a, bagay la pi malouk paske yo pa atake sèlman militan revolisyonè yo, yo atake tout lide revolisyon an nan mete mo sa nan bouch anpil kategori reyaksyonè, destabilizatè nan peyi a. Tout sa yo fèt nan sousi pou detounen pèp la nan vrè objektif batay li.
Pou listwa ak laverite, Peyi a bezwen yon revolisyon ki ranmase pwojè klas eksplwate ak domine yo (kit se ouvriye, peyizan , chomè, travayè nan administrasyon piblik kou prive), nan objektif pou mete chita yon sosyete san fòs kote, ki ap nan enterè mas yo. Objektif mouvman revolisyon sa, se pa pote dèy ak destabilizasyon nan kan mas popilè a, men se fè yo viv reyèlman pwojè lavi libète ak byennèt la.
Revolisyon se yon chanjman britsoukou ki ranvèse yon sistèm dominasyon ak eksplwatasyon pou tabli yon nouvo sistèm. Chanjman sa se reyalizasyon gwoup moun ki eksplwate yo.
Revolisyon pa yon konsèp vag san nannan, li pran sans nan deplòtonnay reyalite sosyal yo. Di m sou kisa sosyete w baze, ma va di w kisa revolisyon vle di ladan l. Si sosyete a baze sou esklavaj, sou baz ras ak koulè po, revolisyon an ap anti-esklavajis oubyen anti-rasis ; si kapitalis la fè fòs kouray moun tounen machandiz ba pri pou byen chita eksplwatasyon li, epi fè akimilasyon kapital nan jere gwo pwofi, revolisyon an ap antikapitalis. Pou sa rive fèt dwe gen bon jan avangadis ki pou akonpanye pèp la sou wout batay la, ede li kenbe liy ideyolojik ak devlopman taktik mouvman li.Pou sa, dwe genyen bon jan refleksyon sou prensip revolisyonè yo ak aplikasyon posib yo. Sa se wòl òganizasyon ki nan linye batay transfòmasyon sa.
Nou paka kite Kriz la ap pati ak zèl lagòch la konsa. Ni tou nou paka kite idantite nou kòm lagòch ap pran kou konsa, san nou pa tanmen jefò pou rekanpe l, rekonstwi l epi ranfòse altènativ nou. Nou pa dwe kite lagòch la vin twò piti oubyen twò gwo pou nou, nan antre nan konivans ak ekip moun k ap pran pouvwa kont mas yo. Nou dwe pran responsabilite nou epi asime idantite nou kòm militan lagòch revolisyonè.
Nan sans sa a, ELAPRE mande tout òganizasyon avangadis yo pou fòme yon sèl fwon atak nan travay ansanm pou devye plan destriksyon k ap fèt nan tèt peyi a. Repons kont sitiyasyon malouk ki la jodi a dwe konkrè, li pa dwe rete sèlman nan pawòl ; poutèt sa dwe gen bon jan estrateji ak taktik kreyatif pou kanpe pati ak òganizasyon mas yo, epi bouske pran kontwòl pouvwa a pou ka reyalize objektif popilasyon an, nan konstriksyon yon lòt sosyete, yon lòt Leta.
Jen 2025
Komisyon kominikasyon ELAPRE
kontakte nou : elaprepourchangement@gmail.com